Sispann Jije, Kòmanse Konprann!
- Cyndie Desir
- 28 oct. 2024
- 4 min de lecture

Hola mes amours! J'espère que vous allez tous bien. Pour ma part, je suis en pleine réflexion, avec des plumes qui virevoltent autour de moi, un peu comme mes pensées aujourd'hui, je vais être cash avec vous, pas de filtres, pas de détour.
Vous êtes prêts? Let’s go!
Aujourd'hui, je vous embarque dans une discussion qui dérange, une question qui pique : Koman yon moun ka "BOUZEN"? Oui, je sais, ce mot est tellement lourd et mal placé dans nos bouches, surtout chez les filles. Cycy, t’es sérieuse? Oui, je suis désolée, mais c’est important qu’on en parle. J’ai toujours voulu savoir pourquoi, dès qu’une fille est jolie, bien habillée, qu’elle a un peu d’assurance, on la qualifie de "bouzen". Mais qu'est-ce que ça veut dire vraiment? Est-ce que quelqu’un peut m'expliquer pourquoi une femme ne peut pas être belle, bien dans sa peau, sans que la société lui colle des étiquettes aussi rapidement que le vent souffle? Eske se lew renmen gason ki bel, ou bien se paske ou renmen lajan gason? Yo toujou ap jije sa yo pa konnen. Mwen kwè nan sa, anpil fwa, yo pase tout lavi yo ap jije moun ki pi bèl pase yo, men se paske y'ap kache pwòp ensekirite yo. Menm nan Bib la, Jezi te pale de sa, li di: "Jije pa san w pa konnen."
Mais, soyons honnêtes. Le problème n’est pas juste la beauté. C’est plus profond que ça. C’est un mélange d'envie, de jugement, et d'hypocrisie qui plane au-dessus de nos têtes comme une nuée sombre. Dès qu'une fille ose s'habiller un peu sexy, qu'elle prend soin d'elle, qu'elle affiche un certain succès, tout de suite les langues se délient : "Ah, c’est sûr qu’elle fait des choses pas nettes!"
Alò, kisa nou ka di de lajan? Est-ce que chaque fille ki renmen jan gason yo parèt ak lajan, se yon bouzen? Ou byen si yon fi deside li pap pran santim gason pou fè wout, se yon sent? C’est comme si, selon la société, nous sommes toujours prises au piège. Si tu vis avec un homme riche, on suppose que tu es avec lui pour l’argent. Si tu travailles dur pour ton propre argent, ils disent que tu veux faire la fi forte. Mwen panse ke rezon prensipal la, se ensekirite moun yo, paske yo pa ka wè yon moun ki pa soufri anba yon sistèm tradisyonèl kote fanm oblije bezwen gason pou li reyisi. Anpil fwa, moun yo rayi sa yo pa ka genyen, e yo fè w pase pou yon bagay ou pa. Yo di: Ah wi, si li gen anpil gason bò kote l, se yon bouzen! Men yo pa janm gade kisa ou ap fè ak lavi w, ki rèv ou genyen.
Bouzen, mes amours, c’est un mot qu'on utilise à tort et à travers pour juger les femmes. Yo pa menm konnen kisa li vle di nan sans literal. Yo wè yon fi k'ap viv selon pwòp volonte l, ak fòs li, e yo di: Bouzen! Paske nan tèt yo, yon fanm ki pran pwòp desten li an men, ki gen yon sèten libète, pa nòmal. Men, Bondye te kreye nou ak tout libète sa a, pou nou viv selon volonte l, epi pou nou itilize kado l ban nou san wete okenn pati nan sa ki fè nou bèl ak pwisan.
Je me demande souvent : eske se paske ou ap viv lib ke moun jije w? Libète sa a fè moun pa alèz, e sa dérange. Men, ou dwe konnen ki moun ou ye nan Bondye, paske si ou baze lavi ou sou sa moun ap di, w'ap fini dekouraje chak fwa. Pou chak fwa moun di w bouzen, se yon pwoblèm pa yo ki parèt, se pa pwoblèm ou.
C’est ici que je veux que vous soyez attentifs. Yo di nou bouzen, men pi souvan, moun ki ap di sa yo menm gen bagay pi mal ke y'ap fè an kachèt. Ce sont ces mêmes personnes qui vont à l’église le dimanche, qui prêchent l’amour et l’humilité, mais qui, dès le lundi, jugent avec une arrogance sans borne. E sa ki pi grav la? Se fanm ki pi souvan jije lòt fanm!
On passe notre temps à parler de "solidarité féminine", mais soyons réalistes, on se tire trop souvent dans les pattes. Anplis de sa, nou itilize moralite kòm zam pou jije lòt moun, men sa ou pa konnen, se ke pwòp vi w pa pi bon.
Eske nou janm poze tèt nou kesyon sou ki jan pawòl yo ka frape lòt moun? Si nou di yon jèn fi ki ap fè efò pou reyisi nan lavi l: Ou fè twòp la, w'ap tounen yon bouzen. Sa ap frape l nan kè li. Yon moun ka pran sa trè seryezman, e li ka fè l kite tout rèv li, jis paske li pa vle pote move non sa. Sispann jije moun pou sa ou pa konnen. Gade pwòp kè ou avan w vle mete pawòl nan lavi lòt moun.
Men, mwen vle nou konprann ke si ou gen aspirasyon, si ou deside viv lavi w tankou ou vle li, moun ap toujou ap jije w. Men, se pa sa ki enpòtan. Sa ki konte, se kijan ou wè tèt ou, e kijan Bondye wè w. Bondye pa di nou: Jije lòt moun epi retire pyès bwa nan je yo. Li di nou: Pote lanmou ak konpasyon.
An verite, n'ap toujou gen moun ki pa dakò ak jan nou chwazi viv. Moun ki ap kriye: Bouzen! Bouzen! lè ou fè yon bagay yo pa konprann. Men, pwoblèm yo se pa pwoblèm ou. Viv pou tèt ou, e sispann kite pèsonn fè w santi w mal pou desizyon w pran.
Mes amours, si vous retenez quelque chose aujourd'hui, que ce soit ceci: pa kite okenn moun retire kouraj ou, ni fè w pè santi w bèl nan po w. Ou pa yon bouzen paske ou bèl, ou pa yon bouzen paske ou renmen gason, ou pa yon bouzen paske ou ap viv lavi w jan ou vle. Ou se yon pitit Bondye ki gen valè, e pèsonn pa ka retire sa nan men w.
Jugeons moins, aimons plus.
Comments