Il a permis à Pierre de tomber, mais pas de sombrer
- Cyndie Desir
- 5 déc. 2024
- 3 min de lecture

Pendant que je suis couchée, j’ai quelque chose qui me vient à l’esprit : Pierre sur le bateau.
Cette scène était extraordinaire, remplie de leçons de foi, de courage, et surtout de grâce. Je m’imagine la nuit calme, l’eau ondulant sous un ciel étoilé, et Pierre qui ose faire ce que personne d’autre n’a osé. Il a demandé à Jésus, « Seigneur, si c’est toi, ordonne que j’aille vers toi sur les eaux. » Et Jésus lui a dit, « Viens. »
En tant que chrétienne, je suis fascinée par ce moment, parce qu’il reflète tellement nos propres vies. Nou tout gen moman kote lavi fè nou santi nou sou dlo, san pye nou touche tè. Souvan, nou gen yon gwo fòs ki pouse nou avanse, men gen yon lòt ki vle fè nou kwè ke n'ap tonbe. Lè m'ap reflechi sou Pierre, mwen panse a mwen, mwen panse a ou. Nou tout se Pierre nan yon moman.
Pierre, dans son élan de foi, a posé le pied sur l’eau. Imagine un instant cette sensation. Une eau ferme comme un sol sous ses pieds. Incroyable, non ? Mais voilà, il a regardé autour de lui, les vagues, le vent, et la peur s’est installée. Gen lè ou konn viv sa ou menm? Ou kòmanse yon bagay ak tout fòs ak tout kouraj ou, men dèske ou gade “vagues lavi” a, ou santi ou pèdi konfyans. Pierre a commencé à s’enfoncer.
Mais c’est là que le miracle s’est produit. Jésus l’a attrapé. Je veux que tu prennes une seconde pour imaginer cela. Il n’a pas attendu que Pierre se noie complètement. Non, li lonje men li rapid, paske menm si Pierre te pèdi konsantrasyon li, Jezi pat janm pèdi kontwòl li.
C’est un rappel pour toi et moi : Jésus est toujours là. Même quand nou fè erè, lè nou kite dout antre nan kè nou, li toujou ap lonje men li. Se li menm ki te di nan Ésaïe 41:10 : « Ne crains rien, car je suis avec toi ; ne promène pas des regards inquiets, car je suis ton Dieu. » Menm si ou panse ou ap tonbe, li la pou kenbe ou.
Mwen sonje yon istwa yon zanmi m te rakonte m. Li tap travèse yon peryòd trè difisil nan lavi li, kote tout bagay te parèt ap kraze. Li te santi li tankou yon moun kap neye nan yon lanmè pwoblèm. Yon jou li te deside li pral priye. Pandan l’ap priye, li di Bondye yon bagay trè senp: « Si ou la toujou pou mwen, montre m. » Li di m yon bagay etonan rive. Pandan li te ap mache nan lari, yon moun li pa t menm konnen sispann li epi di: « Pa pè, Bondye wè ou, epi li pap lage ou. » Li di li santi tankou se Jezi menm ki te lonje men li soti sou dlo a pou kenbe l.
Nou tout bezwen moman sa yo, kote nou santi men Jezi sou men nou. Men sa mande de bagay : konfyans ak aksyon. Gade Pierre. Si li pat janm fè premye pa sou dlo a, li pa t ap janm viv eksperyans mirak sa. Souvan, Bondye mande nou fè premye pa a, menm lè nou pa konplètman wè kote n’ap mete pye nou. Se sa yo rele lafwa. Nan 2 Corinthiens 5:7, li ekri: « Car nous marchons par la foi et non par la vue. »
Mwen vle ke ou reflechi sou lavi ou kounye a. Ki jan Bondye ap mande w fè premye pa a? Èske gen yon bagay ou pè fè paske ou panse ou pap reyisi? Petèt ou panse ou pap gen ase fòs oswa ase resous. Men mwen vle raple ou ke, menm si ou santi ou ap tonbe, Jezi deja pare pou kenbe ou.
Pierre a tremblé, mais il n’a pas coulé. Tu peux trembler, tu peux douter, mais cela ne veut pas dire que tu seras submergé. Les vagues peuvent être grandes, mais elles ne sont jamais plus grandes que ton Dieu.
E pandan m’ap fini refleksyon sa a, mwen vle pataje yon verite ki senp men pwisan : Bondye toujou kenbe parol li. Si li di ou « Viens, » se paske li deja gen yon plan pou ou rive kote li vle ou ye. Li konnen ke ou ka gen dout, li konnen ke ou ka pèdi konsantrasyon w, men li toujou gen men l pare pou kenbe ou.
Alors, à toi qui lis ceci, je te demande : quels sont les vents et les vagues qui t’effraient en ce moment ? Si Jésus te dit de venir, feras-tu ce premier pas, même en tremblant ? Rappelle-toi que même si tu tombes, il te relèvera.
Pa bliye: ou ka tonbe, men ou pap janm neye.
Commentaires